Fanmi yo ka konte sou Florida KidCare

Si fanmi w pa nan Medicaid ankò, Depatman pou timoun ak fanmi nan Florida ap pataje otomatikman enfòmasyon ou yo ak Florida KidCare.

Ou ka konte sou Florida KidCare pou yon asirans sante ak dantè bon kalite epi pou yon ti kras lajan, ki fèt espesyalman pou timoun - avèk avantaj depi nan vizit medikal yo pou rive nan operasyon chirijikal yo, ak plis toujou.

Chèche yon anvlòp ki gen tras jon pou plis enfòmasyon ak lòt etap yo. Ou gen kesyon sou fonksyonman pwosesis la? Nou la pou ede w. Gade lis kesyon yo plis poze nou yo anba la.

Yon Kouvèti ki Abòdab

Florida KidCare ofri opsyon asirans maladi pou yon ti kras lajan daprè laj timoun nan, revni ak kantite moun ki nan fwaye sa. Genyen anpil fanmi ki peye $15 oswa $20 dola pa mwa pou kouvri tout timoun ki nan yon fwaye.

cost_comparison_creole_crop

Florida KidCare ki gen plis pase 20 lane depi l ap sèvi fanmi ki nan Eta Florid, asosye timoun yo ak pi bon plan ki ka genyen pou bezwen espesyal yo - daprè laj yo, eta sante yo ak lòt ankò.

Avantaj pou sa ki gen rapò ak Kalite

Florida KidCare fèt espesyalman pou timoun, nan ba yo aksè ak sèvis sante yo gen bezwen pou chak etap pandan y ap grandi ak deplope.

Avantaj yo gen ladan yo, men san yo pa limite ak:

Kesyon ki Plis Poze yo

Lwa sou Repons ak Coronavirus Dabò pou Fanmi yo (Families First Coronavirus Response Act) egzije pou Leta kenbe yon kouvèti medikal pwolonje pou moun ki enskri pandan Ijans Sante Piblik la (PHE). Eta Florid pèmèt moun yo kontinye benefisye Medicaid pandan tout dire PHE a, menmsi sitiyasyon nan fwaye yo a chanje.

Aprè chanjman lejislatif federal nan Lwa sou Kredi Konsolide (Consolidated Appropriations Act), 2023 a, rezèv kouvèti pwolonje a ap fini 31 mas 2023. Depi kouvèti pwolonje a fini, genyen benefisyè Medicaid ki ka paka enskri nan Medicaid ankò.

Kouvèti Medicaid pwolonje a ap fini 31 mas 2023.

Ou dwe asire w adrès ki nan dosye w la ajou lè ou konekte ak kont MyAccess ou an. Anplis, ou dwe chèche yon notifikasyon pa lapòs oswa pa imèl nan Depatman Timoun ak Fanmi Eta Florid la pou w ka fè renouvèlman ou an. Depi ou resevwa notifikasyon an, ou dwe renouvle imedyatman nan https://www.myflorida.com/accessflorida/ pou w mete ajou enfòmasyon Medicaid yo. Depatman an ka ba ou enfòmasyon anplis pandan egzamen dosye ou a.

Si ou pa elijib pou kouvèti Medicaid la, Depatman pou timoun ak Fanmi nan Eta Florid la ap voye yon notifikasyon ba ou sou kont MyACCESS ou an, ak tout yon lèt ak/oswa yon imèl. Pou asire yon kouvèti pwolonje, demann moun ki pa konsidere elijib pou Medicaid, men ki elijib pou lòt pwogram kouvèti swen sante, ap transfere otomatikman bay Florida KidCare, Pwogram Bezwen Medikal (Medically Needy Program) ak lòt pwogram swen sante federal ki sibvansyone. Ou ka konsilte kont MyACCESS ou a pou w konnen si demann ou an te transfere bay youn nan ajans sa yo.

Benefisyè Medicaid nan moman yo te deja soumèt verifikasyon pou kèk faktè ki elijib, tankou idantite, rezidans nan Eta Florid, sitwayènte oswa estati imigrasyon elijib. Egzanp enfòmasyon anplis ki ta dwe kapab bay yo genyen, men san yo pa limite ak sa, enfòmasyon sou manm fwaye a, revni ak, pou kèk kouvèti, enfòmasyon sou aktif yo.

Copyright © 2024 Florida KidCare | Tout dwa rezève.